Yon kabrit, yon chen ak yon bèf te bon zanmi. Yon jou yo pran yon taksi pou yal flannen.
Kapro, Hundo kaj Bovo estis tre bonaj amikoj. Iun tagon ili vojaĝis en taksio.
Lè yo rive kote yo prale, chofè a mande yo peye pri transpò an. Bèf la peye transpò pa li.
Kiam ili atingis la finon de sia vojaĝo, la ŝoforo petis ilin pagi siajn tarifojn. Bovo pagis sian tarifon.
Chen an peye yon ti kras anplis paske li pat gen lajan egzat lan.
Hundo pagis iom pli, ĉar li ne havis la ĝustan monon.
Lè chofè an ta pral remèt li nan lajan an li wè kabrit lan ki tonbe kouri san li pa peye.
La ŝoforo estis dononta al Hundo lian monŝanĝon, kiam Kapro forkuris sen pagi ion ajn.
Chofè an pat kontan ditou. Li pati san li pa remèt chen an rest lajan an.
La ŝoforo tre incitiĝis. Li forkuris sen doni al Hundo lian monŝanĝon.
Se pou sa a, jis jounen jodya a chen an kouri deyè chak machin li wè paske lap chache chofè a ki dwe li yon lajan.
Tial, eĉ hodiaŭ, Hundo kuras al aŭto por rigardi enen kaj trovi la ŝoforon, kiu ŝuldas al li lian monŝanĝon.
Kabrit lan kouri sove chak fwa li wè yon machin. Li pè pou’ l pa ale nan prizon akòz lajan li dwe an.
Kapro forkuras de la sono de aŭto. Ŝi timas ke ŝi estos arestita, ĉar ŝi ne pagis sian tarifon.
Bèf lan li menm pa gen pwoblèm lè li wè yon machin. Li pran tan li pou li travèse lari a kè pòpòz paske li konnen ke li peye tout pri transpò a.
Kaj bovo ne ĝenas sin, kiam aŭto venos. Bovo prenas sian tempon transirante la vojon, ĉar ŝi scias, ke ŝi pagis tutan sian tarifon.